Ok

En poursuivant votre navigation sur ce site, vous acceptez l'utilisation de cookies. Ces derniers assurent le bon fonctionnement de nos services. En savoir plus.

Sou konjigezon foli

·         Yon pwezi k ap pale pou kont li, pou tèt li: pa lòt ke yon pawòl kap pale. Sa vle di se pawòl tout moun. Se sa k fè tout fòs Nadol's ; apre bonkè ak tout gro rèv li gen nan plamen l lè lap chwazi mo yo.

Se petèt nan pale nan domi nou jwenn sans reyalite yo? Se ka tou nan koupe moso rèv, moso pawòl bay chak moun, bay silans, lakègrenn ; oubyen tou nan konjige foli nou lavi pran fòm kò nou, sans souf nou tou, sa k konnen? Nadol’s t ap reponn nou «yon moun viv/ se lè w viv/ chak ti kwen lavi w », « lavi se fè kadejak/ foli sou letènite » onbyen «m an miyèt moso nan chak moun », kidonk se efò pawòl, efò pataj sa a powèt la rele konjigezon an. Ki fè lap chache bout lavi, limit lanmò. Limit tout mo ki tonbe anba plim li. Li vle di letènite: solèy ki se limyè, verite, doulè, lanmou tou. Li di sa ki pa gen limit: lanmè, lanmò, vid, rèv «mwen chwazi mouri/ ti kras pa ti kras/ nan chache viv/ ojoulejou» Li di tou de bagay ki fè lòm franchi limit lavi pa bay. Si powèt Bonel Auguste di « rèv lòm se limit lòm » ; rèv Nadol's pa limit anyen; paske vid ki nan powèt la pa abite limit powèm ni nan anbisyon ekriti a. Paske nou bati simityè / tou pre letènite.

Nadol’s pataje nan sal ekri souf li, enkyetid li, foli lavi, lakègrenn, lanmou, mo, doulè, sa l ye. Men vid ki makònen nou an rape tout sa li ye. Li di nou « tankou lanmè a solèy seche m/
ki sa ki rete nan sa m ye?» jan nou frajil, jan nou enprevizib. Sa panse vid sila: frajilite nou ak mistè nap promennen chak jou yo.

Se gro kesyon sa a ki fè Nadol’s reve, ki reveye l nan foli l epi fèl santi tou, touche, wè, goute tout krent, bèlte, san, mizik ak zengle solèy nou wè k ap mouri limen n an liv sila.

Coutechève Lavoie Aupont

 

 

Les commentaires sont fermés.