Ok

En poursuivant votre navigation sur ce site, vous acceptez l'utilisation de cookies. Ces derniers assurent le bon fonctionnement de nos services. En savoir plus.

KONJIGEZON

KONJIGEZON I

M aprann foli m

nan vant manman m

tankou boul san nan vè lèt

m aprann detenn

sou chak santimèt kib

kesyonman

rezonman

m aprann danse pasyon m

depi lè m te fil

nan je zegwi

 

mwen jwe demen m

nan yon kwazman foli

 

se depi m te dechay

mwen pote chay foli m

 

KONJIGEZON II

M aprann  foli m

nan aprann lanmou

nan chita

pote dèy pou paradi

m aprann foli m

nan bay solèy pou solèy

souri pou souri

foli pou foli

 

se nan limen dife

mwen konnen li konn chofe

li konn boule

mwen te gen tan fou

anvan foli m

 

m aprann lafoli m

nan bati demen

ak zenglen lanmou

ki blayi nan rèv mwen

 

 

KONJIGEZON III

M aprann lafoli m

nan diskou pwofesè

lamoral

k ap refoule diskou

lanwit

pou diskou enpote

plen fot

moral

m aprann lafoli m

nan ensètitid

je ak zorèy mwen

ki tounen

bann a.m f.m

kamera tele

klavye odinate

lank sou papye jounal

mwen aprann lafoli m

kou 27yèm lèt

alfabè franse

 

 

 

Les commentaires sont fermés.