Ok

En poursuivant votre navigation sur ce site, vous acceptez l'utilisation de cookies. Ces derniers assurent le bon fonctionnement de nos services. En savoir plus.

Konjigezon foli extrait

 

Nan yon ti kwen

bò janm ou

m ap pase letènite m

 

mwen pa bezwen lòt paradi

 

gen yon letenite

nan mitan lonbrik ou

mwen pa sa tande lòt alelouya

apa alsiyis ou

ki ekri

nan chak vèsè foli n

 

mwen damou w

kou lapli

ki dekore lanfè m

 

 

 

 

 

 

M kwaze avè w

bab pou bab

nan fon rèv mwen

depi lò

se nan yon ti kabicha

pou nou kontre

 

 

 

Les commentaires sont fermés.